Kons¨¨y Enpo IRS 2025-29, 5 me 2025
Deklarasyon enpo pou ane 2024 la te dwe soum¨¨t 15 avril 2025, eksepte pou kontribyab ki nan yon z¨°n dezas , yon z¨°n konba (an angl¨¨) oswa k ap viv epi travay aletranje (an angl¨¨). Kontribyab ki pa t kapab peye b¨°dwo enpo yo a nan dat limit la pa ta dwe panike - IRS la pou ede. Gen plizy¨¨ opsyon pou ede kontribyab yo satisf¨¨ obligasyon yo.
?d pou kontribyab ki pa ka peye tout enpo yo dwe a
IRS gen opsyon disponib pou ede moun ki dwe yon d¨¨t enpo epi ki pa ka peye tout oswa yon pati ladan l. Moun ki gen difikilte pou satisf¨¨ d¨¨t enpo yo ka konsidere opsyon sa yo pou rezoud b¨°dwo enpo.
Opsyon plan peman sou ent¨¨n¨¨t
Pif¨° kontribyab endividy¨¨l kalifye pou yon plan peman. Fason ki pi rapid ak pi fasil pou mete yon plan peman an plas se atrav¨¨ ak¨° peman sou ent¨¨n¨¨t la, ki disponib sou IRS.gov. Fr¨¨ enstalasyon ka aplike.
- Plan peman akout¨¨m ¨C Montan total ki dwe a mwens pase $100,000 enpo, penalite ak enter¨¨ konbine. Sa bay yon kontribyab jiska 180 jou pou peye tout montan an n¨¨t.
- Plan peman alont¨¨m ¨C Nouvo krit¨¨ senp pou plan peman an f¨¨ li pi fasil epi pi aksesib pou antre nan yon plan peman alont¨¨m l¨¨ montan total ki dwe a mwens pase $50,000 enpo, penalite ak enter¨¨ konbine. Kontribyab yo ka f¨¨ peman chak mwa rive jiska limit lwa koleksyon an, anjeneral 10 ane. Yo ka etabli peman yo av¨¨k debi dir¨¨k (retr¨¨ otomatik nan bank), ki elimine nesesite pou voye yon peman chak mwa, ekonomize depans lap¨°s epi diminye chans pou peman an pa f¨¨t. Kontribyab yo ta dwe sonje pwolonje tan pou peye a ap ogmante enter¨¨, penalite ak fr¨¨ ki aplikab yo.
Yon fwa aplikasyon sou ent¨¨n¨¨t la ranppli, kontribyab la ap resevwa yon notifikasyon imedyatman si plan li an apwouve. Pa gen okenn papye epi pa gen nesesite pou rele, ekri oswa vizite biwo IRS.
L¨°t opsyon peman
Nenp¨°t moun ki pa kalifye pou yon plan peman sou ent¨¨n¨¨t ka ch¨¨che l¨°t opsyon, tankou:
- Pwopozisyon Konpwomi ¨C Gen k¨¨k kontribyab ki kalifye pou regle d¨¨t enpo yo pou mwens pase montan total ki dwe a l¨¨ yo soum¨¨t yon Pwopozisyon Konpwomi. Kontribyab yo ta dwe itilize sou IRS.gov pou w¨¨ si yo kalifye.
- Reta tanpor¨¨ nan koleksyon an (an angl¨¨) ¨C Kontribyab yo ka kontakte IRS pou mande yon reta tanpor¨¨ nan pwosesis koleksyon an. Si IRS det¨¨mine kontribyab la pa kapab peye, li ka retade koleksyon an jiskaske sitiyasyon finansy¨¨ kontribyab la amelyore. Penalite ak enter¨¨ kontinye akimile jiskaske yo peye tout montan an.
Kontribyab yo ka jwenn detay sou opsyon sa yo ak plis ank¨° l¨¨ yo konsilte Topic 202, Opsyon peman enpo (an angl¨¨), sou IRS.gov, oubyen l¨¨ yo kontakte IRS pa mwayen enf¨°masyon ki sou d¨¨nye avi yo a.
Atansyon ak fwod
IRS p ap rele, voye mesaj t¨¨ks oswa kontakte p¨¨sonn atrav¨¨ rezo sosyal pou egzije peman enpo imedyatman. Okontr¨¨, ajans lan anjeneral kontakte kontribyab yo pa lap¨°s av¨¨k yon b¨°dwo, yon l¨¨t oswa yon avi ki eksplike sa yo dwe ak kijan pou yo kesyone oswa f¨¨ ap¨¨l kont nenp¨°t montan ki dwe. Gade enf¨°masyon sou fwod sou IRS.gov.
Nenp¨°t kontribyab ki pa s¨¨ten si yo gen yon b¨°dwo IRS ki poko peye ka w¨¨ enf¨°masyon enpo li a l¨¨ l s¨¨vi av¨¨k Kont Endividy¨¨l Sou Ent¨¨n¨¨t yo nan IRS.gov.
Soulajman penalite pou kontribyab ki kalifye yo
Kontribyab yo ka kalifye pou soulajman penalite si yo te eseye konf¨°me yo av¨¨k lwa enpo yo men yo pa t kapab akoz sikonstans ki pa sou kontw¨°l yo.