obÌåÓý

Kontribyab yo kapab pwoteje t¨¨t yo kont anak¨¨ yo l¨¨ yo konnen k¨°man IRS la kominike

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

Mizajou 24 Jiy¨¨ 2023:  IRS la mete fen nan vizit san anons biwo revni an bay kontribyab yo; gwo chanjman pou mete fen nan konfizyon, ogmante sekirite nan kad gwo ef¨° transf¨°masyon ajans lan (an angl¨¨)

Kons¨¨y sou Taks IRS 2021-124, 24 dawou 2021

Si IRS la rele yon kontribyab, li pa ta dwe yon sipriz paske jeneralman, ajans lan ap voye yon avi oswa yon l¨¨t anvan. Konprann k¨°man IRS la kominike kapab ede kontribyab yo pwoteje t¨¨t yo kont anak¨¨ ki vle pase pou anplwaye IRS nan objektif pou v¨°l¨¨ enf¨°masyon p¨¨son¨¨l.

Men k¨¨k f¨¨ sou k¨°man IRS la kominike av¨¨k kontribyab yo:

  • N¨°malman, IRS la pa kontakte kontribyab yo premye fwa pa im¨¨l. Pa reponn yon im¨¨l yon moun ki di li nan IRS la voye paske adr¨¨s im¨¨l IRS la kapab fo. Im¨¨l anplwaye IRS yo voye yo fini av¨¨k IRS.gov.
  • Ajans lan pa voye mesaj t¨¨ks oswa kontakte moun atrav¨¨ medya sosyal. Anak¨¨ yo ap f¨¨ t¨¨t yo pase pou ¨°ganis ak ajan gouv¨¨nman lejitim sou medya sosyal yo epi y ap eseye kontakte kontribyab yo.
  • L¨¨ IRS la bezwen kontakte yon kontribyab, n¨°malman, premye kontak la se yon l¨¨t li voye nan S¨¨vis Postal Etazini. Sosyete ki ede peye d¨¨t yo voye fo ¨°f pou ede peye d¨¨t pa lap¨°s. Souvan, anak¨¨ yo ap di yo avize kontribyab la deja pa lap¨°s Etazini.
  • Selon sitiyasyon an, anplwaye IRS la ka rele oswa vizite kontribyab la anvan. Nan k¨¨k ka, IRS la ap voye yon l¨¨t oswa yon avi alekri bay kontribyab la anvan, men li pa toujou konsa. Kontribyab yo kapab ch¨¨che avi IRS yo l¨¨ yo vizite Konprann Avi oswa L¨¨t IRS Ou a. Men, se pa tout avi IRS yo y ap jwenn sou sit sa epi senpleman paske yon moun refere ak yon avi IRS nan yon im¨¨l, yon ap¨¨l telef¨°n, mesaj t¨¨ks, oswa medya sosyal, pa vle di demann lan lejitim.
  • Ajan revni IRS yo oswa ofisye ki responsab konf¨°mite fiskal yo ka rele yon kontribyab oswa yon pwofesyon¨¨l enpo apre li fin voye yon avi pa lap¨°s pou konfime yon randevou oswa pou diskite sou eleman yon odit ki pwograme. IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo gade, K¨°man w ap Konnen si se IRS vr¨¨man k ap Rele w oswa k ap Frape P¨°t ou: Koleksyon (an angl¨¨).
  • Kolekt¨¨ d¨¨t prive yo kapab rele kontribyab yo pou koleksyon k¨¨k d¨¨t fiskal ki pa aktif k ap tann pou peye, men se s¨¨lman apre kontribyab la ak reprezantan li an fin resevwa yon avi alekri. Yo pa dwe konfonn koleksyon d¨¨t prive ak sosyete k ap ede peye d¨¨t k ap rele, voye avi pa Lap¨°s Etazini oswa pa im¨¨l bay kontribyab yo av¨¨k ¨°f pou al¨¨jman d¨¨t. Kontribyab yo ta dwe kontakte IRS la kons¨¨nan retounen deklare enpo yo k¨°msadwa.
  • Ajan ak ofisye revni IRS yo gen abitid rann kontribyab yo vizit lakay yo oswa kote y ap travay sanzatann pou diskite sou d¨¨t fiskal yo, deklarasyon enpo an reta oswa reta yon biznis pran nan v¨¨sman enpo li. Ofisye revni IRS yo ap mande kontribyab la pou li peye enpo li dwe yo. Men, kontribyab yo dwe sonje se s¨¨lman nan Trez¨° Etazini y ap mande peman sa.
  • L¨¨ yon moun IRS vizite yo, kontribyab yo dwe toujou mande idantifikasyon. Reprezantan IRS yo kapab toujou bay de (2) f¨°m idantifikasyon ofisy¨¨l: yon komisyon p¨°ch (a pocket commission) ak yon .

Plis Enf¨°masyon:

Ab¨°ne nan Kons¨¨y sou Taks IRS yo (an angl¨¨)