IR-2022-45, 1ye mas 2022
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni ent¨¨n ap raple kontribyab yo obligasyon yo genyen ki gen pou w¨¨ ak deklarasyon ak prel¨¨vman taks potansy¨¨l kons¨¨nan ti travay (gig economy) yo reyalize yo, tranzaksyon yo reyalize ak lajan vity¨¨l yo, ak revni yo touche oswa aktif yo posede ki soti aletranje. Enf¨°masyon ki disponib sou sit IRS.gov la ak enstriksyon ki nan F¨°m 1040 kapab ede kontribyab yo konprann epi satisf¨¨ egzijans deklarasyon ak taks sa yo.
Sal¨¨ ou touche pou ti travay (gig economy) yo taksab
Anjeneral, revni ou touche pou ti travay yo taksab epi ou sipoze rap¨°te yo bay IRS k¨°msadwa. Mache travay sou demand (Gig economy) gen ladann aktivite kote yon moun rantre lajan pou travay li reyalize sou demann, s¨¨vis oswa byen li vann sou demann. Souvan, se atrav¨¨ yon platf¨°m dijital (vity¨¨l) tankou yon aplikasyon oswa sit ent¨¨n¨¨t sa arive f¨¨t. Kontribyab yo dwe rap¨°te revni yo touche apati de s¨¨vis yo bay sou demann yo nan deklarasyon taks yo, menm si revni sa yo ta:
- Soti nan travay a tan pasy¨¨l, tanpor¨¨ oswa segond¨¨,
- Pa ta rap¨°te nan yon f¨°m enf¨°masyon - tankou yon f¨°m 1099-K, 1099-MISC, W-2 oswa l¨°t deklarasyon revni oswa
- Peye sou nenp¨°t f¨°m, tankou lajan kach, byen, machandiz oswa monnen vity¨¨l.
Pou plis enf¨°masyon sou ekonomi ti travay yo (gig economy) yo, vizite Sant Fiskal pou Ekonomi ti Travay.
Konprann egzijans ki gen pou w¨¨ ak deklarasyon ak taks sou monnen vity¨¨l yo
Yon l¨°t fwa ank¨°, IRS ap raple kontribyab yo, gen yon kesyon nan t¨¨t F¨°m 1040 ak F¨°m 1040-SR ki mande yo detay kons¨¨nan tranzaksyon ki f¨¨t ak monnen vity¨¨l yo. Tout kontribyab ki ranpli f¨°m sa yo dwe tcheke swa kaz ki endike "wi" a oswa sa ki endike "non" an. Yon tranzaksyon ki enplike monnen vity¨¨l gen ladan, men se pa sa s¨¨lman:
- Resevwa monnen vity¨¨l k¨°m p¨¨man pou machandiz oswa s¨¨vis ki bay yo;
- Resevwa oswa transfere monnen vity¨¨l gratis (san okenn konsiderasyon) ki pa kalifye antanke yon kado b¨°n fwa;
- Resevwa nouvo monnen vity¨¨l apati de aktivite minaj yo;
- Resevwa monnen vity¨¨l apati de yon chanjman radikal (hard fork);
- Echanje monnen vity¨¨l kont pwopriyete, machandiz oswa s¨¨vis;
- Echanj/kom¨¨s monnen vity¨¨l pou yon l¨°t lajan vity¨¨l;
- Vann monnen vity¨¨l; ak
- Nenp¨°t ki l¨°t f¨°m pasasyon de yon enter¨¨ finansye nan monnen vity¨¨l.
Si yon moun ta fe pasasyon lajan vity¨¨l li te posede antanke yon byen kapital, swa li vann li, echanje li oswa transfere li, li ta dwe tcheke "Wi" epi s¨¨vi ak F¨°m 8949 pou kalkile pwofi oswa p¨¨t kapital li epi rap¨°te li nan an¨¨ks D (F¨°m 1040).
Si ou te resevwa nenp¨°t konpansasyon nan monnen vity¨¨l pou s¨¨vis oswa f¨¨ pasasyon nenp¨°t monnen vity¨¨l ou te posede pou vann kliyan nan yon kom¨¨s oswa biznis li, ou sipoze rap¨°te revni a menm jan ou ta ka rap¨°te nenp¨°t l¨°t revni nan menm kategori sa a (pa egzanp, sal¨¨ W-2 nan F¨°m 1040 oswa 1040-SR, liy 1, oswa envant¨¨ oswa s¨¨vis ki soti nan an¨¨ks C nan an¨¨ks 1). Ou ka jwenn plis enf¨°masyon sou monnen vity¨¨l nan enstriksyon F¨°m 1040 la ak nan paj Monnen Vity¨¨l yo ki sou sit IRS.gov la.
Rap¨°te revni ki jenere aletranje
Jeneralman, revni yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan jenere nan kat kwen mond lan sij¨¨ a taks sou revni gouv¨¨nman ameriken an, k¨¨lkeswa kote yo abite. Yo gen menm obligasyon ki gen pou w¨¨ ak deklarasyon enpo ak sitwayen ameriken yo oswa etraje rezidan k ap viv Ozetazini yo.
Sitwayen Ameriken yo ak etranje rezidan yo sipoze rap¨°te revni yo pa touche, tankou enter¨¨, dividann, ak pansyon, ki jenere andey¨° Etazini sof si lalwa oswa yon trete taks ta egzante yo de taks. Yo dwe rap¨°te tou, revni yo touche yo, tankou sal¨¨ ak poubwa, ki jenere andey¨° Etazini. Anjeneral, menm si yon kontribyab ta kalifye pou li benefisye avantaj fiskal yo tankou Esklizyon pou Revni ki Jenere Aletranje ou Antre (an angl¨¨) oswa Kredi Taks Etranje (an angl¨¨) ki diminye oswa elimine obligasyon fiskal peyi Etazini, li toujou gen egzijans pou f¨¨ yon deklarasyon taks. Avantaj fiskal sa yo disponib s¨¨lman si kontribyab ki elijib la f¨¨ yon deklarasyon taks sou revni Ozetazini.
Kontribyab yo benefisye yon ekstansyon 2 mwa otomatik ki rive jiska 15 jen si tout fwa taks prensipal z¨°n aktivite yo (biznis oswa travay) ak rezidans yo pa ta Ozetazini ak P¨°toriko. Menm si yo p¨¨m¨¨t yon ekstansyon, yon kontribyab ap gen pou peye enter¨¨ sou nenp¨°t taks ki pa peye jiska dat limit n¨°mal la ki se 18 avril 2022.
Milit¨¨ k ap bay s¨¨vis yo andey¨° de Etazini ak P¨°toriko pandan dat regilye kote pou yo te f¨¨ deklarasyon taks yo kalifye tou pou ekstansyon jiska 15 jen an. IRS rek¨°mande pou atache yon dokiman ekri si youn nan de sitiyasyon sa yo aplikab. Ou ka jwenn plis enf¨°masyon nan enstriksyon F¨°m 1040 ak 1040-SR (an angl¨¨) PDF an, Piblikasyon 54, Gid Taks pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan Aletranje (an angl¨¨) ak Piblikasyon 519, Gid Taks Ameriken pou Etranje (an angl¨¨).
Deklarasyon obligatwa pou kont ak byen ki aletranje yo
Lalwa federal mande pou sitwayen ameriken ak etranje rezidan yo pou yo deklare revni yo rantre nan kat kwen mond lan, ki gen ladan tou revni ki soti nan fidisi aletranje ak bank aletranje ak l¨°t kont finansye yo. Nan pif¨° ka yo, kontribyab ki afekte yo ap gen pou ranpli epi atache An¨¨ks B nan deklarasyon taks yo. Pati III nan An¨¨ks B a poze kesyon sou egzistans kont aletranje yo, tankou kont labank ak kont sekirite yo, epi anjeneral li egzije sitwayen ameriken yo pou yo rap¨°te nan ki peyi chak kont ye.
Anplis de sa, gen k¨¨k kontribiyab ki gendwa oblije ranpli epi atache F¨°m 8938, Dokiman sou Aktif Finansye Aletranje yo (Statement of Foreign Financial Assets) (an angl¨¨), nandeklarasyon yo.Anjeneral, sitwayen ameriken yo, etranje rezidan yo ak s¨¨ten etranje ki pa rezidan dwe rap¨°te espesifikman aktif finansye yo genyen aletranje nan f¨°m sa a si val¨¨ total byen sa yo depase s¨¨ten limit. Gade enstriksyon f¨°m sa a pou plis detay.
Anplis de deklarasyon akti finansye ki aletraje eki espesifye nan deklarawsyon taks la, kontribyab ki gen yon enter¨¨, sinyati oswa l¨°t f¨°m pouvwa nan yon kont finansye etranje ki gen val¨¨ total ki depase $10,000 pandan nenp¨°t ki l¨¨ nan ane 2021 an, sipoze f¨¨ yon deklarasyon elektwonik bay Depatman Depatman Trez¨°, yon Rezo Lit kont Krim Finansye (FinCEN) ranpli . Akoz limit sa a, IRS ankouraje kontribyab ki gen aktif aletranje yo, menm del¨¨ yo tou piti, pou yo byen verifye si obligasyon pou f¨¨ deklarasyon sa a aplikab nan ka pa yo a. F¨°m nan disponib s¨¨lman atrav¨¨ sit ent¨¨n¨¨t .
Dat limit pou deklarasyon any¨¨l pou Rap¨° Kont Finasye ak Bank Etranje (FBAR) (an angl¨¨) se 15 avril 2022. FinCEN ak¨°de moun k ap f¨¨ deklarasyon yo ki te rate dat limit orijinal la yon ekstansyon otomatik jiska 15 okt¨°b 2022, pou yo ranpli FBAR la. Pa gen okenn nesesite pou mande ekstansyon sa a. Gade pou plis enf¨°masyon.
Enf¨°masyon sa a f¨¨ pati yon seri ki rele Gid Pery¨°d Fiskal (an angl¨¨), yon resous pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon taks yo ak done ki egzat. Gen plis ¨¨d ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (an angl¨¨).