obÌåÓý

IRS aktyalize fonksyonalite Kote Ranbousman Mwen an?

Kounyeya kontribyab yo kapab swiv ranbousman pou de (2) lane ki pase

IR-2022-109, 25 me 2022

WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan te pote yon amelyorasyon enp¨°tan nan zouti anliy Kote Ranbousman Mwen an? sem¨¨n sa a, kote li vini av¨¨k yon nouvo fonksyonalite ki p¨¨m¨¨t kontribyab yo verifye estati ranbousman akty¨¨l ane fiskal yo ak pou de (2) lane ki pase.

Kontribyab yo kapab seleksyone nenp¨°t nan twa (3) d¨¨nye ane fiskal yo pou yo verifye estati ranbousman yo. Y ap bezwen nimewo Sekirite Sosyal yo oswa ITIN yo, kondisyon fiskal ak montan ranbousman yo t ap tann ak deklarasyon taks yo te premye soum¨¨t la pou ane fiskal y ap verifye a.

Anvan sa, Kote Ranbousman Mwen an? te afiche s¨¨lman estati d¨¨nye deklarasyon taks yo soum¨¨t nan de (2) ane fiskal ki pase yo. Enf¨°masyon ki disponib pou sila yo k ap rele liy asistans ranbousman an ap bout nan deklarasyon taks 2021 an.

´¡±¹¨¨°ì , kontribyab yo kapab k¨°manse verifye estati ranbousman yo nan:

  • 24 ¨¨ apre yon deklarasyon pou ane 2021 pa vwa elektwonik.
  • Twa (3) oswa kat (4) jou apre yon deklarasyon pou ane fiskal 2019 oswa 2020 pa vwa elektwonik.
  • Kat (4) sem¨¨n apre yo voye yon deklarasyon pa lap¨°s.

IRS ap raple kontribyab yo Kont Anliy rete pi bon opsyon pou jwenn revni an gwo ajiste ane pase yo a, balans yo genyen oswa l¨°t kalite enf¨°masyon sou kont.

Komis¨¨ IRS la, Chuck Rettig di: "Nou ankouraje sila yo k ap tann yon ranbousman, men ki te mande yon pwolongasyon, pou yo deklare kan yo pare. Nou trete deklarasyon selon sa nou resevwa anvan yo; kidonk, pi bon¨¨ pi bon.¡± "Pa vr¨¨men genyen okenn rezon pou tann jiska 17 okt¨°b si moun k ap f¨¨ deklarasyon yo genyen enf¨°masyon ki neses¨¨ pou yo deklare kounyeya. Deklarasyon Gratis disponib toujou pou moun ki gen pwolongasyon yo pou itilize pou yo prepare ak soum¨¨t deklarasyon taks federal yo gratis."

Deklarasyon elektwonik louvre 24 sou 24, 7 jou sou 7 epi IRS la kontinye ap resevwa deklarasyon ak bay ranbousman. Depi kontribyab la fin deklare, li kapab swiv ranbousman li a av¨¨k Kote Ranbousman Mwen an?

Apwopo zouti Kote Ranbousman Mwen an?

Zouti itil sa a, moun yo ka jwenn sou IRS.gov oswa sou aplikasyon mobil IRS2Go, p¨¨m¨¨t kontribyab yo swiv ranbousman yo nan twa (3) etap:

  1. L¨¨ yo resevwa deklarasyon an.
  2. L¨¨ yo apwouve ranbousman an.
  3. L¨¨ yo bay ranbousman an.

Yo aktyalize zouti a yon fwa chak jou, dabitid nan lannwit, epi li bay kontribyab yo yon dat li prevwa pou li bay ranbousman an kan li apwouve l.

Epi tou li se youn nan fonksyonalite anliy anpil moun konnen ki disponib nan IRS la. Yo te devlope zouti Kote Ranbousman Mwen an? nan lane 2002 epi kontribyab yo te itilize li plis pase 776 milyon fwa nan 2021 an.

Amelyorasyon eksperyans kontribyab la ak mod¨¨nizasyon enf¨°matik la

IRS la kontinye ap amelyore eksperyans kliyan an pandan l ap amelyore ak devlope zouti nimerik k ap bay kontribyab yo pi bon s¨¨vis yo.

Rettig di: "IRS la angaje li pou li sezi op¨°tinite pou li pote amelyorasyon nan bon moman pou kontribyab yo ak kominote pwofesyon¨¨l taks yo". "Amelyorasyon sa nan Kote Ranbousman Mwen an? se s¨¨lman youn pami anpil l¨°t."

Enf¨°masyon siplemant¨¨ sou estati ranbousman

Pa gen nesesite pou rele IRS la pou verifye estati ranbousman an; sof si gen plis pase 21 jou depi deklarasyon an te f¨¨t oswa zouti a di IRS kapab bay plis enf¨°masyon.

Si IRS bezwen plis enf¨°masyon pou li trete deklarasyon an, l ap kontakte kontribyab la pa lap¨°s.

Pou plis enf¨°masyon kons¨¨nan verifikasyon estati yon ranbousman fiskal, tanpri ale sou Kote Ranbousman Mwen an?