Kons¨¨y sou taks IRS 2020-127, 28 septanm 2020
Rekipere dosye apre yon katastw¨°f enp¨°tan pou plizy¨¨ rezon ki gen ladan li ranbousman asirans ak enpo. Sa ki pi enp¨°tan ank¨°, dosye yo ka ede moun yo pwouve p¨¨t yo f¨¨ ak¨°z katastw¨°f la. Yon estimasyon ekzat p¨¨t yo ka ede moun yo jwenn plis asistans pou yo jwenn pr¨¨ ak rediksyon pou yo kapab rekanpe.
Menm si se byen p¨¨son¨¨l oswa yon biznis yo p¨¨di oswa ki detwi, men k¨¨k etap k ap ede moun yo rekipere dosye ki enp¨°tan yo.
Dosye Enpo yo
- Jwenn transkripsyon deklarasyon enpo gratis imedyatman av¨¨k JwennTranskripsyon sou sit IRS.gov.
- Rele 800-908-9946 epi swiv enstriksyon yo pou f¨¨ k¨°mand transkripsyon yo.
Eta finansye
Moun yo kapab jwenn ansyen relve yo apati de kat kredi konpayi yo a oswa bank yo a. Dosye sa yo kapab disponib anliy. Moun yo kapab kontakte bank yo a tou pou yo jwenn kopi relve sa yo.
Dosye pwopriyete yo
- Pou w jwenn dosye ki gen rap¨° ak yon pwopriyete, pwopriyet¨¨ ka kontakte sosyete tit yo, sosyete ty¨¨s yo oswa bank ki te ede yo achte kay la oswa l¨°t pwopriyete.
- Kontribyab ki f¨¨ yon chanjman nan kay yo ka kontakte moun ki f¨¨ travay sa yo pou mande yo yon atestasyon ki verifye travay la epi k¨°b travay yo te koute. Yo ka jwenn tou yon deklarasyon ekri nan men zanmi yo oswa fanmi yo ki te w¨¨ kay la anvan epi apre chanjman yo.
- Pou pwopriyete yo eritye, kontribyab yo kapab tcheke dosye lajistis yo pou ratifikasyon. Si te gen yon testaman oswa yon eritaj, kontribyab yo ka kontakte avoka ki te responsab testaman an.
- L¨¨ pa genyen py¨¨s dosye ki disponiib, moun yo ta dwe ale nan biwo not¨¨ rejyon an pou verifye si pa t genyen k¨¨k dosye ki ta bay val¨¨ pwopriyete a.
- Pwopriyet¨¨ machin yo ka ch¨¨che val¨¨ majorite machin genyen sou mache akty¨¨l la. Resous yo disponib anliy epi nan pif¨° bibliyot¨¨k yo. Sa gen ladan Kelley's Blue Book (Liv Ble Kelley a), National Automobile Dealers Association (Asosyasyon Nasyonal Konsesyon¨¨ Otomobil) ak Edmunds.