Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-186, 6 desanm 2022
Sezon deklarasyon enpo an ap sou nou nan yon ti kras tan. Pandan moun yo k¨°manse ap rasanble dokiman yo ak resi yo nan kad preparasyon pou depo yon deklarasyon enpo, anpil l¨°t ap chwazi s¨¨vi av¨¨k yon pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo tou. Nenp¨°t moun ki gen yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Pwofesyon¨¨l IRS kapab yon pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo yo peye. Sepandan, pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo pa genyen menm nivo konpetans, edikasyon ak eksp¨¨tiz. Byen chwazi yon pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo enp¨°tan paske se kontribyab yo ki responsab tout enf¨°masyon ki nan deklarasyon yo a, k¨¨lkeswa kiy¨¨s ki prepare li pou yo.
Kontribyab yo kapab k¨°manse rech¨¨ch yo av¨¨k Rep¨¨twa Pwofesyon¨¨l IRS la
L¨¨ y ap ch¨¨che yon pwofesyon¨¨l enpo, kontribyab yo kapab ch¨¨che nan . Malgre li pa yon lis konpl¨¨ ki gen tout pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo yo, men li genyen sila yo ki se ajan anwole, CPA (Kontab Piblik S¨¨tifye) ak avoka, ansanm av¨¨k sila yo ki patisipe nan Pwogram Sezon Deklarasyon Any¨¨l la.
Anvan yo anplwaye yon pwofesyon¨¨l, kontribyab yo ta dwe asire yo ke yo konnen sa yo pral jwenn. Yo kapab f¨¨ sa l¨¨ yo:
- Verifye istorik pwofesyon¨¨l la nan Biwo Pibon Biznis (Better Busines Bureau). Kontribyab yo kapab verifye estati yon ajan anwole (an angl¨¨) tou, sou IRS.gov.
- Poze kesyon sou fr¨¨ yo. Kontribyab yo sipoze kouri lwen pwofesyon¨¨l taks ki baze fr¨¨ travay yo sou pousantaj ranbousman an, oswa ki mande pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an sou kont finansye p¨¨son¨¨l yo. Kontribyab ta dwe sisp¨¨k nenp¨°t pwofesyon¨¨l k ap di yo kapab jwenn pi gwo ranbousman pase l¨°t pwofesyon¨¨l taks.
- Poze kesyon pou konnen si pwofesyon¨¨l la ap itilize deklarasyon elektwonik. Fason ki pi rapid pou resevwa ranbousman se f¨¨ deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dir¨¨k.
- Asire ke pwofesyon¨¨l la ap disponib si yo bezwen l. Moun yo ta dwe konsidere si patikilye a oswa fim nan ap disponib pandan plizy¨¨ mwa oswa ane apre deklarasyon an fin f¨¨t. Li posib pou yo bezwen pou pwofesyon¨¨l taks la reponn kesyon ki gen pou w¨¨ ak preparasyon deklarasyon taks la.
- Garanti ke pwofesyon¨¨l la siyen epi mete PTIN yo. Pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo yo peye yo dwe genyen yon PTIN pou yo prepare deklarasyon enpo yo e yo dwe mete li sou tout deklarasyon enpo yo prepare.
- Konsiderasyon referans moun nan. S¨¨lman avoka yo, CPA yo ak ajan anwole yo kapab reprezante kontribyab yo devan IRS la nan af¨¨ ki an rap¨° ak enpo yo. L¨°t pwofesyon¨¨l deklarasyon enpo ki patisipe nan Pwogram Sezon Deklarasyon Any¨¨l (an angl¨¨) IRS la gen dwa egz¨¨se ki limite pou yo reprezante kontribyab yo pandan odit deklarasyon yo te prepare yo.
Plis enf¨°masyon:
- Chwazi yon Pwofesyon¨¨l Taks
- Gid Pery¨°d Fiskal (an angl¨¨): Gen ¨¨d gratis pou deklarasyon enpo ki disponib an p¨¨sonn ak anliy
- Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou