obÌåÓý

Deklaran pou pwolongasyon yo: Deklarasyon Gratis IRS, l¨°t resous ki disponib jiska 15 okt¨°b pou deklarasyon enpo 2020 yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

Kons¨¨y sou Taks pou COVID 2021-114, 5 dawou 2021

IRS la ap raple kontribyab ki te deklare pou pwolongasyon pou deklarasyon enpo 2020 yo a, deklarasyon elektwonik, peman ak l¨°t opsyon pou ¨¨d disponib jiska dat limit 15 okt¨°b la. Pandan pa gen pennalite pou deklarasyon apre dat limit la si nou dwe yon ranbousman, yon pwolongasyon tan pou deklare pa yon pwolongasyon tan pou peye enpo.

Kontribyab ki dwe enpo ¨C menm sila yo ki pa t f¨¨ demann yon pwolongasyon - epi ki genyen pou yo f¨¨ yon deklarasyon enpo 2020 kapab evite plis pennalite ak enter¨¨ l¨¨ yo depoze deklarasyon an pi bon¨¨ posib epi peye tout balans yo dwe, jeneralman. Menmsi yon kontribyab pa kapab peye enpo li dwe yo touswit, yo ta dwe f¨¨ yon deklarasyon enpo kanmenm pi bon¨¨ posib pou redui pennalite ki ka genyen yo.

Men k¨¨k nan zouti ki disponib sou IRS.gov pou ede moun yo av¨¨k enpo yo:

  • Deklarasyon Gratis IRS ak l¨°t opsyon deklarasyon elektwonik. Majorite kontribyab yo kapab f¨¨ deklarasyon enpo yo elektwonik gratis atrav¨¨ Deklarasyon Gratis IRS. L¨°t opsyon deklarasyon elektwonik yo gen ladan yo itilize sit preparasyon deklarasyon enpo gratis, yon lojisy¨¨ kom¨¨syal oswa yon founis¨¨ deklarasyon elektwonik otorize (an angl¨¨). Gen pwodui Deklarasyon Gratis ki disponib an pany¨°l. Deklarasyon elektwonik kapab ede kontribyab yo det¨¨minen kredi enpo sou revni yo antre, kredi swen depandan ak timoun (an angl¨¨), ak kredi ranbousman rekiperasyon. Si yon moun kalifye pou yon kredi ransbousman rekiperasyon ¨C epi li pa t resevwa Peman Enpak Ekonomik yo oswa li te resevwa mwens pase montan total yo ¨C li dwe f¨¨ yon deklarasyon enpo 2020 pou reklame kredi a menmsi li pa abitye deklare.
  • Depo dir¨¨k pou ranbousman. Mwayen ki pi rapid pou kontribyab yo jwenn ranbousman yo se f¨¨ deklarasyon elektwonik epi itilize depo dir¨¨k. Kontribyab ki pa genyen yon kont labank kapab vizite oswa itilize Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal la pou enf¨°masyon sou ki kote w ka jwenn yon bank oswa yon inyon kredi ki ka ouvri yon kont anliy.
  • Opsyon peman anliy. Si yon kontribyab dwe enpo, li ta dwe peye kantite li kapab la pi bon¨¨ posib pou redui enter¨¨ ak pennalite. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Peman Dir¨¨k IRS la p¨¨m¨¨t moun yo peye an sekirite apati kont ch¨¨k oswa kont epay yo. Vizite IRS.gov pou opsyon peman adisyon¨¨l.
  • Enf¨°masyon sou kont ak dosye fiskal. Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov pou jere kont yo. Gen yon varyete bagay yo kapab f¨¨ tankou gade balans yo ak istorik peman yo, peye enpo yo, antre nan dosye fiskal yo atrav¨¨ Jwenn Transkripsyon ak l¨°t ank¨°.

Gen moun ki ka gen yon dat limit ki diferan ak l¨°t yo pou yo f¨¨ deklarasyon enpo yo:

Plis enf¨°masyon: